🔗 ⚙️

Vendredi from SE7EN BUBBLES by Waahli

Tracklist
2.Vendredi3:43
Lyrics

Verse 1
Zanmi m’ se Daniel, Li travay chak swa.
Lè li pran on poz, wi li renmen rale
Pou’l ka relax, Li pa renmen bwè,
E li g’on timoun, Bagay yo pa fin vrè
Fanm li te kite’l, Li tounen Jakmèl,
G’on kriz deyò, kay yo vin chè.
Si ou Montreal, ou ap konprann sa m’ap di ou.
Li ret sou Plato, kounye-a Li pral Anjou.
Tèt li fè’l mal, manman’l ret Laval.
Li pran retrèt li, li di pou’l fè kob.
Tèt li fin gren, li bezwen on tchas.
Machin li kraze, métro an bloke.
Zanmi’l ap texte’l, yo di’l lan reta.
De zè nan line-up, yo prèt pou rantre.
Li jwenn on 100 goud nan pòch jakèt li,
Li sote nan Uber, li prèt pou l’ale.

Chorus
Semèn lan fèk fini, aswè nou pap dòmi.
Jodi e vandredi, nou gen pou nou soti( x2)

Verse 2
Tan kou kay de papel, rèv mwen li bèl
M’pa nan vòlè, m’gen twòp valè.
Vin bò kote m’, jodi e tou pa m’.
Tèt mwen gaye, kote m’ pou m’ pase?
Pou’m fè w konnen, se ou m’ap tcheke.
Semèn lan te di, m’pa anvi panse.
M’pa anvi pale, m’anvi danse.
Mennen w lakay mwen, sèlman si w vle.

Chorus
Semèn lan fèk fini, aswè nou pap dòmi.
Jodi e vandredi, nou gen pou nou soti( x2)

Bridge
Ma chè, tande m, kite’m di ou mwen pap janm kite w.
Mwen renmen w, men wi, chak fwa zye fèmen, nap danse.

Verse 3
Li rantre lakay li, tout kò l kraze.
Semèn nan kò l, li difisil pou l wè klè.
Yon lèt sou tab la, men ki bagay sa?
Fanm li te nève, li kite l pou zanmi l.
Li di l konsa: “E pa anyen ou ap regle.
Ou gen twou nan pòch ou e dèt jiska kou.
E chak jou, sa ou fè, se bay bèl pawòl.
Aprè tout pale sa, mwen toujou grangou.”
Li met men sou tèt li, li di l ap vag sou li.
Li chita byen dwat pou manje diri l
ak sòs pwa, e sa son bon cwa.
Men, si son kou di, li toujou gen fwa.
Li pèdi job li, li pèdi fanm li.
Li pèdi rèv li, men pa tout tèt li.
Depi ou gen espwa, bagay yo ap anfòm.
Dèyè an ka nwa, e devan, limyè.
Chorus 1
Semèn lan fèk fini, aswè nou pap dòmi.
Jodi e vandredi, nou gen pou nou soti( x2)

Chorus 2
Heyy!!! Semèn lan fini, aswè a nou pap dòmi.
E vandredi, nou pral soti (x 4)

Credits
from SE7EN BUBBLES, released January 24, 2025
Produced by Lou Piensa
Co-produced by Waahli
Lyrics by Waahli
Chorus Back-up vocal by Malia Laura
Additional instruments:
Piano by Théo Abellard
Bass by Émile Farley
LicenseAll rights reserved.
Tags
Recommendations